Otorite nan l’ONU ak gwoup imanitè yo lanse apèl pou yo mande sa yo rele «yon ogmantasyon ijan » nan asistans kominote entènasyonal la ap bay peyi afriken ki nan rejyon Sahèl la, kote plizyè milyon moun ap fè fas ak yon gwo rate manje.
Otorite l’ONU yo fè yon rankont sou kesyon an nan vil Wòm, ann Itali, avèk peyi donatè yo ak òganizasyon k ap bay èd yo. Chèf Ajans Nasyon Zini pou Devlopman an, Helen Clark, fè yo konnen rejyon Sahèl la bezwen yon afè de 725 milyon dola asistans dijans pou elimine pwoblèm nan.
Direktè Ajans Nasyon Zini pou Alimantasyon ak Agrikilti (FAO), José Graziano de Silva, lanse avètisman pou l di pa gen anpil tan ki rete pou kominote entènasyoal la pase alaksyon si li vle anpeche sa vin pi mal.