Accessibility links

Breaking News

Afrik Di Sid: Foutbòl/Fanatik/Touris/Sekirite...


Touris k ap achte nan vil Johannesbourg, Afrik Di Sid
Touris k ap achte nan vil Johannesbourg, Afrik Di Sid

Fanatik ki al asiste Koup Dimond Afrik di Sid la konnen ki bagay ou ki pwodwi yo pa kapab pote nan stad kote match foutbòl yo ap dewoule. Prensip sa yo aplike nan tout evenman kote ki gen foul.

Òganizatè mondyal sid afriken an, ansanm ak FIFA, ofri yon ti liv "gratis ti cheri" ki gen konsiy fanatik yo dwe swiv pandan konpetisyon an. Ti ajenda sa a gen enfòmasyon sou peyi òganizatè a, tankou istwa Afrik di Sid, sistèm bankè li, lang yo pale, tanperati ak tip manje moun ka jwenn nan peyi a. Panflè a bay enfòmasyon detaye sou chak vil kote match yo ap dewoule. Enfòmasyon sou zòn alantou yo, kesyon sekirite, sant kote fanatik yo kapab achte tikè, e ki kote stasyon otobus yo ye.

Afrik Di Sid: Foutbòl/Fanatik/Touris/Sekirite...
Afrik Di Sid: Foutbòl/Fanatik/Touris/Sekirite...

Gen enfòmasyon sou konpòtman fanatik yo dwe genyen anndan stad yo, ki pwodui entèdi yo pa kapab pote nan stad la. Pa ekzanp, yo pa kapab vini ak zam, fedatifis, bwason ki fèt ak alkòl, dwòg, ni parapli. Tout bagay ki ka fè bri entèdi tou, eksepte twonpèt an plastik tradisyonèl Sid afriken an ki rele "vuvuzela".

Fanatik yo gen pwoblèm ak regleman ki entèdi yo vini ak manje e ak dlo nan stad yo. Chris, yon Neyozelandè, di mezi sekirite yo bon. Li pa gen oken pwoblèm pou l antre andedan stad yo. Pou kesyon manje ak bwason an, responsab yo vle pou fanatik yo achte bagay sa yo sou plas, nan stad yo. Chris di òganizatè yo vle asire yo piblik la an sekirite. Finalman Chris fè konnen règleman yo te pi sevè nan je olenpik Peken yo ke Mondyal FIFA / Afrik di Sid la.

Yon montaj foto fanatik divès peyi kap jwe vuvuzela (twonpèt an plastik) nan match Koup dimond Fifa 2010 Afrik Di Sid la
Yon montaj foto fanatik divès peyi kap jwe vuvuzela (twonpèt an plastik) nan match Koup dimond Fifa 2010 Afrik Di Sid la

Pam Sceats, yon lòt Neyozelandè, deja asiste 4 match Koup Dimond lan e li gen 2 tikè pou 2 lòt rankont. Sceats di 28 moun ki fè pati gwoup li a te deja gen enfòmasyon sou règleman yo avan yo te rive Afrik di Sid. Li presize yo te okouran yo pa tap kapab genyen nan men yo gwo pankat ni bandwòl ak mo rasis ekri sou yo.

Gen fanmi ki pa dakò ak tout règleman FIFA yo. Paran ki vle mennen yon tibebe oubyen timoun anbazaj dwe achte yon tikè separe pou yo si yo pa ta vle mete ti tchovi a chita sou kuis yo pandan tout match la. Yon fanmi sid afriken di li menm ak kèk paran te deside yo pap fè depans sa a. Yo kwè se pa desizyon rezonab pou paran peye pou timinè. Yo panse li tap pibon pou responsab yo pèmèt timoun anbazaj asiste rankont yo gratis pou yo kapab fè yon eksperyans. Men, malgre tout plenyen sa yo, Sid Afriken yo di se yon bon eksperyans palefèt FIFA te seleksyone peyi yo kòm syèj Koup Dimond 2010 la.

XS
SM
MD
LG