Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid: Ansyen Prezidan Mandela Kite Lopital


Afrik di Sid: Ansyen Prezidan Mandela Kite Lopital
Afrik di Sid: Ansyen Prezidan Mandela Kite Lopital

Ann Afrik di Sid, otorite yo fè konnen ansyen Prezidan Nelson Mandela ap kite yon lopital nan Joannesburg apre li fin resevwa swen pou yon enfeksyon respiratwa.

Responsab yo bay laprès enfòmasyon sou eta sante lidè anti-apartheid la 2 jou apre li te entène nan lopital Milpark la, nan Johannesburg.

Ospitalizasyon an soulve kòmantè sou kondisyon sante ansyen prezidan an ki gen 92 zan. Vis prezidan Sid Afriken an, Kgalema Motlanthe, ki vle kalme preokipasyon pèp la, di pa gen rezon pou moun gen kè sote pou eta sante Mesye Mandela.

Dapre doktè yo, kondisyon sante ansyen Pri Nobèl la Pè a se yon kondisyon ki stab. Sa gen lontan depi Mesye Mandela gen pwoblèm sante ; pami yo gen pwoblèm tibèkiloz.

XS
SM
MD
LG