Accessibility links

Breaking News

Afrik: Apeprè 400 Ekzekisyon Fèt San Jijman nan Repiblik Demokratik Kongo


DRC suicide bombing in Beni city, North Kivu province on Christmas Day
DRC suicide bombing in Beni city, North Kivu province on Christmas Day

Apeprè 400 ekzekisyon fèt san jijman nan Repiblik Demokratik Kongo (RDC) an Novanm ane pase, pami yo plis pase 10 % anba men fòs sekirite yo, e lòt yo se ta travay gwoup ame, dapre yon rapò ke l-ONU piblike mèkredi.

Sou tout teritwa a, "ajan leta yo responsab pou 39% vyolasyon ke l-ONU konte yo, pami yo 40 moun pou pi piti ke yo ekzekite san jijman, ki se 24 gason, 9 fanm ak 7 timoun." Chif sa yo vini an detay nan rapò Biwo Nasyon Zini pou Dwa moun nan RDC, ki gen ti non BCNUDH, e ki parèt chak mwa.

Lòt "61 pousan vyolasyon yo se travay konbatan nan gwoup ame, ki ekzekite san eksplikasyon 345 moun pou pi piti, pami yo 258 gason, 61 fanm ak 26 timoun," se sa rapò a ajoute.

Pou mwa Novanm, BCNUDH "gen dokiman sou 801 vyolasyon ak atak sou dwa moun sou tout teritwa RDC a, yon ogmantasyon 61 pousan pa rapò ak mwa Oktòb kote yo te jwenn 498 vyolasyon. Zak ke yo lage sou responsablite gwoup ame yo, yo separe ant konbatan nan Nyatura, mete ak Fòs Demokratik Alye (ADF), Fòs Demokratik pou Liberasyon Rwanda (FDLR) oubyen Koperativ pou Devlopman Kongo (Codeco).

Lame a mete syèj sou pwovens Nò-Kivu ak Ituri depi mwa Me pou mete yon fen nan aktivite gwoup ame yo. Sa bay militè yo plen pouvwa, men li pako reyisi mete fen nan zak gwoup ame sa yo ki destabilize rejyon an depi plis pase 25 lane.

XS
SM
MD
LG