Accessibility links

Breaking News

Afganistan: 20 Moun Mouri ak 40 Lòt Blese nan yon Atak sou yon Moske


Yon nonm ki sou chòk kap voye toya kont Prezidan peyi a, Ghani apre nonm nan te sove de jistès anba atak sou Moske Shiit yo nan Kaboul, Afganistan, 25 out 2017.
Yon nonm ki sou chòk kap voye toya kont Prezidan peyi a, Ghani apre nonm nan te sove de jistès anba atak sou Moske Shiit yo nan Kaboul, Afganistan, 25 out 2017.

Responsab gouvènmantal yo nan Afganistan fè konnen yon atak suisid ki fèt sou yon moske Shiit jounen vandredi 25 out 2017 la nan kapital la, Kaboul, touye omwen 20 moun, pami yo 2 polisye, epi blese plis pase 40 lòt .

Pòtpawòl ministè enteryè a, Najib Danish, konfime nouvèl la komkwa yon bonbis kamikaz sote tèt li nan pòt antre moske Imam Zaman nan alòske plizyè lòt teworis te pote boure andedan an.

Gwoup eta islamik la revandike responsablite atanta mòtèl la. Lapolis nan kaboul ansèkle zòn nan yon ti moman apre atak suisid la ki fè san koule nan kapital la. Rezidan nan katye a fè konnen yo te tande kout zam kap tire andedan an.

XS
SM
MD
LG