Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Obama a Kontinye Reyaji Sou Sitiyasyon an ann Ejipt


Administrasyon Obama a Kontinye Reyaji Sou Sitiyasyon an ann Ejipt
Administrasyon Obama a Kontinye Reyaji Sou Sitiyasyon an ann Ejipt

Ozetazini, gouvènman Obama a di otorite ejipsyen yo dwe fè plis efò pou yo satisfè egzijans gwoup opozisyon yo.

Administrasyon amerikèn nan lanse apèl bay gouvènman ejipsyen an pou mande l elimine san pèdi tan yon lwa dijans ki pèmèt Leta mete moun nan prizon san akizasyon, epi pou otorite yo pèmèt plis gwoup patisipe nan negosyasyon k ap fèt sou yon tranzisyon politik.

La Mezon Blanch di vis-prezidan Joe Biden pale madi 8 fevriye 2011 la ak tokay ejipsen n nan, Omar Suleyman, pou l te ensiste sou le fèt ke gouvènman Prezidan Hosni Mubarak la fèt pou l suspannn bat, krazponnen e arête manifestan-yo ak jounalis kap fè repòtaj sou mouvman pwotestasyon popilè a.

Misye Biden kontinye pou l di vis-prezian Suleyman ke gouvènman ejipsyen an dwe elaji kad patisipasyon gwoup opozisyon yo nan preparasoyn yon plan tranzisyon, epi se pou gouvènman an prese kraze lwa dijans la ki la depi Prezidan Mubarak te prete sèman an 1981.

XS
SM
MD
LG