Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Obama a Ale Nan Tribinal Kont Eta Arizona


Depatman lajistis Lèzetazini lanse yon aksyon an jistis nan tribinal federal kont Eta Arizona. Plent la fè konnen travay pou fè respekte lwa imigrasyon se yon responsabilite federal e lwa Eta Arizona adopte nan sans sa a, anpyete sou privilèj ak otorite administrasyon federal la. Lwa Arizona a, ki gen pou antre ann aplikasyon pi ta mwa sa a , bay lapolis tcheke estati imigrasyon yon moun si yon polisye gen rezon pou l sispèk moun sa a ap viv ilegalman nan peyi a. Arizona ap tounen premye eta ki konsidere imigrasyon ilegal kòm yon krim; li ajoute pwòp pinisyon ak règleman pa l sou lwa gouvènman federal la. Obsèvatè yo gen plizyè semèn depi yo t ap tann aksyon jistis sa a. Prezidan ameriken an, Barack Obama, di li konsidere desizyon Arizona a kòm yon move inisyativ e gwoup dwa sivik yo prevwa lwa sa a ap debouche sou diskriminasyion ki baze sou ras. Peyi Meksik deja di li pa dakò ak nouvo lwa sa a.

XS
SM
MD
LG