Accessibility links

Breaking News

Adieu, Whitney Houston


Adieu, Whitney Houston
Adieu, Whitney Houston

Fanmi ak zanmi defen an ak anpil gran non nan endistri mizik amerikèn nan rann defen vedèt la yon dènye Omaj nan New Jersey

Sèvis finèb prive chantèz nwa amerikèn Whitney Houston dewoule samdi apremidi 18 fevriye a nan yon legliz vil kote li te pran nesans lan, nan Newark, Eta New Jersey—pa lwen Eta Nouyòk, sou kòt nò-ès Lèzetazini. Fanmi ak zanmi defen an, pami yo anpil gran non nan endistri mizik amerikèn nan, rann defen vedèt la yon dènye Omaj nan legliz batis New-Hope Church kote Houston te fè aprantisaj chantèz li nan Koral legliz sa a.

Fanatik yo te montre amou yo pou Whitney avèk plizyè santèn balon, jèb flè ak kat yo depoze devan pòt antre legliz la. Manman li, Cissy Houston ak pitit fi Whitney a, Bobbi Kristina Brown, rès fanmi ak zanmi atis la tankou kouzinn li, chantèz Dionne Warwick, pwomotè mizik Clive Davis—mentor Houston—chantè Stevie Wonder, Alicia Keys, aktè Kevin Costner, ki te jwe nan fim The Bodyguard ak Houston, ak plizyè lòt selebrite ankò, te prezan nan New Hope Baptiste Church la.

Clive Davis di asistans la anpalan de Whitney "Yon vwa tankou vwa Houston, se yon bagay ou ret tann tout yon vi...". Costner, li menm, te di odyans lan sonje "dous mirak ki rele Whitney a".

Apre sèvis la ki te dire preske katrè'dtan, yo te transpòte sèkèy vedèt la "au rythme de la ballade" I'll Always Love You ki tap jwe atravè opalè-yo. Whitney dwe al repoze akote papa-li, John Russel Houston Jr., nan simityè New Jersey a kote li antere.

Houston te vann plis pase 170 milyon disk/cd, video; sa ki fè zòt klase l' kòm youn nan atis yo plis achte plak li nan lemond.

Lantèman Whitney Houston dewoule yon semèn jou pou jou apre lanmò sibit vedèt la nan yon "baignoire" otèl deliks Beverly Hilton, nan vil Los Angeles, Eta Kaliforni. Li te genyen 48 tan.

XS
SM
MD
LG