Accessibility links

Breaking News

Achevèk Desmond Tutu Mouri a Laj 90 zan


Foto Achiv: Achevek Legliz Anglikan Afrik di Sid Desmond Tutu.
Foto Achiv: Achevek Legliz Anglikan Afrik di Sid Desmond Tutu.

Desmond Tutu, Achevèk Sid Afriken ki te ranpòte yon pri Nobel lapè pou aktivism li nan domèm jistis rasyal mouri a laj 90 zan.

Tutu te reprezante yon opozan fòmidab pou politik apartheid rejim kraze zo Sid Afriken an, ki te komèt anpil zak represyon kont popilasyon nwa peyi a.

Evèk la ki te chaje enèji e ki pat mete dlo nan bouch li pou'l kritike gouvènman an, te sèvi ak pozisyon ni antanke premye evèk nwa vil Johannesburg e pi ta kòm Achevèk Cape Town nan pou'l motive piblik la pou'l opoze inegalite pou kestyon ras.

Tutu te apiye tou dwa egal ego pou omoseksyèl yo, e li te an favè maryaj ant koup menm sèks yo.

Ansyen prezidan Etazini Barack Obama chante lwanj Tutu kom "bousòl moral pou mwenmenm ak yon pakèt lòt moun."

Dalai Lama a ki se bon zanmi Tutu deklare Achevèk la te "konplètman dedye pou'l sèvi frè'l ak sè'l yo pou byenèt sosyete a."

XS
SM
MD
LG