Otorite irakyen yo enpoze yon kouvrefe 3 jou nan kapital la, Baghdad, nan kad efò yap fè pou mete fen nan lese-frape ak zak vyolans ant milisyen chiyit ak fòs sekirite yo. Lese-frape sa yo lakòz plis pase 100 kretyen vivan pèdi lavi yo. Pi bonè nan jounen jedi 27 mas la, premye minis Nouri al-Maliki pran angajman pou l' rapousuiv ofansiv militè kap dewoule nan Bassora a e ki gen kòm objektif fòse konbatan chiyit yo depoze zam yo, malgre abitan katye kote k' gen anpil chiyit yo ap reklame demisyon l'.
Nan yon diskou prezidan Bush fè nan eta Ohio jedi, li di ofansiv Bassora a se yon siy ki montre fòs sekirite irakyèn yo fè progrè:
Msye Bush deklare:ofansiv sa a bati sou progrè ki fèt nan domèn sekirite a akòz ogmantasyon twoup ameriken yo, e sa demontre pèp irakyen an gouvènman yo a pran angajman pou pwoteje yo. Gouvènman santral peyi Irak la pran angajman solid pou l' di pèsonn pa sou tèt lalwa.
Mèkredi, premye minis irakyen an, Nouri al-Maliki, te lanse yon ultimatòm bay konbatan chiyit yo. Li de di yo "se oubyen yo depoze zam yo vè vandredi, oubyen yo pral sibi gro konsekans".