Accessibility links

Breaking News

Spò Aktyalite-24/12/04


NBA
Phoenix Suns ranpöte 10 zièm viktwa afile yo nan NBA apre viktwa tou mens yo ranpòte devan Memphis Grizzlies 109 a 102. Minnesota Timberwolves tonbe devan San Antonio Spurs 96 a 82. Miami Heat ranpòte yon viktwa de justès devan Sakramento Kings 109 a 107.

NBA / Butler
Responsab yo nan NBA suspann pou yon match Caron Butler kap jwe nan Los Anjeles Lakers--sa siyifi Caron pap jwe pwochen rankont Lakers yo fas a Miami Heat ak Shaquille O’Neal Samdi.

Football/ Sendika
Federasyon football ameriken an rejte nouvo pwopozisyon sendika jwè yo soumèt pou yon ogmantasyon salè. Sendika jwè yo di 38 pou 100 ogmantasyon federasyon an prezante a aktuèlman reprezante 19 pou 100 akoz li pa pran an konsiderasyon ogmantasyon salè pou sezon 2 mil 3- 2 mil 4 la.

Football / Kolonbi
Antrenè yon klub nan Kolonbi Luis Fernando Montoya nan yon eta grav apre nèg ame tire-l Mèkredi nan moman yo li tap defann madanm li volè tap devalize. Sanble doktè yo ta konfime antrenè-a kapab paralize pou tout vi-l.

Koup du Mond / Tikè
Federasyon football Alman-an avèti spektatè potansyèl yo pou evite achte fo tikè nan men moun ki pa otorize pou pwochen koup du mond Almay 2 mil 6-la ansanm ak koup Konderasyon-an.

Chanpyona Nasyonal Football Balonwon Ameriken

Kansas City Wizards ap demare sezon football 2 mil 5 chanpyona nasyonal balonwon ameriken kont Kolorado Rapids 2 Avril 5. Ansyen antrenè seleksyon Nasyonal ayisyen Fernando Clavijo nonmen köm nouvo antrenè Kolorado Rapids nan plas Tim Hankinson ki ede ekip-la rive nan semi final konferans de Lwès la. Chanpyon sötan-an D C United ap rankontre ak nouvo venu Chiva. Real Salt Lake, yon nouvo venu tou pral lakay New York Metro Stars. Los Anjeles Galaksi pral lakay Kolonbus Crew. Dallas ap fè deplasman lakay Chikago Fire epi New England Revolution pral lakay San Jose Earthquake.
Kansas Citi Wizards

Football / Vyetnam
Responsab football yo nan Vyetnam di yap chache yon lòt antrenè etranje apre yo revoke antrenè Brezilyen Edson Tavares apre seleksyon-an pat kalifye pou 2 zièm tou koup Tig-la pou la premyè fwa.

XS
SM
MD
LG