San koule pandan weekend nan ann Ayiti. Omwen 5 moun mouri, pami yo gen yon ajan lapolis ki tonbe anba bal bandi ame kap mennen Operasyon Baghdad la. en twa lòt polisye ki blese.
Yon lòt kote, Responsab misyon lapè Nasyonzini an denonse presyon yo di y'ap sibi nan men yon seri de peyi tankou Etazini pou yo sèvi ak lafòs pou dezame machann dezagreman k'ap simen latèrè nan kapital la depi 30 septanm pase a. Se kèk pwen korespondan nou Rotchild François Junior te devlope pou nou. Klike sou lyen ki anlè paj sa a pou w'ka tande repòtaj li a.