Accessibility links

Breaking News

MINUSTAH Boukante Kout Zam Ak Enkoni Toupre Palè Nasyonal Pandan Sekretè Deta Colin Powell Te Andedan Building nan - 2004-12-01


Kout zam marye ant endividi ame ak sòlda Nasyonzini nan alantou Palè Nasyonal Pòtoprens la kote Sekretè deta ameriken an, Colin Powell, t'ap rankontre otorite lokal yo. Nouvèl yo pa di si endividi ame yo te sible msye Powell e jounalis ki sou plas fè konnen Sekretè deta a ak staff ki te akonpaye li nan Palè pat an danje.

Objektif vizit Powell la se pou eksprime apui gouvènman Bush la pou tranzisyon politik la an Ayiti epi pou Sekretè deta a te kapab patisipe nan evènman ki make Jounen Mondyal SIDA a jodi 1e Desanm nan. Se dezièm vizit Colin Powell fè an Ayiti nan espas 8 mwa.

Nou te pale ak korespondan nou Rotchild François, Jr. ki te andedan Palè a pandan tire a. Klike sou lyen ki anlè paj la pou plis detay.

XS
SM
MD
LG