Eske yo ka revoke sitwayènte yon moun ki natiralize ameriken poutèt li komèt yon vyolalasyon lwa penal peyi? Se sa nou pral wè avèk avoka Carlo Jean-Joseph depi Miami eta Florid. Ronald Cesar ap swete n byen veni nan Justice USA sou Lavwad’lamerik Washington.
Lionel Jean-Baptiste ki gen 57 tan te antre nan Miami nan ane 1980 nan yon ti bato ki te chavire nan dlo ant Cuba e eta Florid, e li te pami kèk mounn ki te sòti vivan. Li te pase plizyè semèn nan kan detansyon Krom nan Miami Dade. An septanm 1980, yo te libere Msye Jean-Baptiste; 2 zan aprè, li te vinn gen rezidans pèmanan.
Pandan l nan eta Florid la, li gentan achte yon restoran ansanm ak yon kay. An 1996, li te natiralize ameriken. Nan ane 2002, otorite imigrasyon Etazini yo pran desizyon pou yo revoke sitwayènte Lionel Jean-Baptiste, poutèt yon tribinal te jwenn ni koupab dèske li te mele nan dwòg an 1997, sètadi anviron 1 an aprè l te vinn sitwayen ameriken.
Yon pòt paròl imigrasyon Etazini, Barbara Gonzalez deklare: si yon imigran ki natiralize ameriken pa yon mounn de bonne vie et moeurs, e byen gouvènman ameriken an kapab revoke sitwayènte li.
Pou kounye a, kesyon revokasyon sitwayènte Lionel Jn-Baptiste-la ak depòtasyon li chita nan men yon kour dapèl nan eta Atlanta ki abitye pran desizyon an favè pozisyon gouvènman an. Sepandan, avoka Jn-Baptiste la di si l pèdi, l’ap pote kesyon an devan pi gwo tribinal Etazini an, Kou siprèm nan, nap swiv.
Klike sou lyen anlè a pou w tande entèvyou ak avoka Carlo Jean-Joseph la.