Accessibility links

Breaking News

MINUSTAH Remèt Lapolis 6 Moun Li Te Arete Apre Yon Atak Sou Plizyè Sòlda Ajanten - 2004-11-24


Responsab Nasyonzini yo an Ayiti anonse yo remèt bay la polis 6 moun yo te arete an koneksyon ak zak vyolans ki te fèt sou yon gwoup sòlda Ajanten, malgre yo te nan yon kamyon ki te make L'ONU. Nouvèl yo di sòlda yo tapral sou yon plaj dimanch 21 novanm nan lè bandi yo te kidnape bis la e mennen li nan Site Solèy kote chimè ki patizan ansyen prezidan Aristide te piye machin nan, bat Ajanten yo e menase yo ak zam. Apre yon tan, nèg ame yo te remèt pwopriyete yo te sezi nan men sòlda yo.

Yon lòt kote, manm Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a ap kontinye pran fòmasyon nan peyi Meksik, sou fason pou yo òganize bon jan eleksyon nan peyi yo ane k'ap vini an. Premye-Minis Gérard Latortue, k'ap fè yon vizit ann Ewòp, deklare wè-pa-wè Ayiti pral gen eleksyon lib, onèt e demokratik pou kouwone tranzisyon ki te tanmen ak demisyon epi egzil lidè Lavalas la, nan fen mwa fevriye a.

Se kèk nan pwen Rotchild François, Jr. abòde nan ti kozman li te fè ak jounal maten an. Klike sou lyen anlè paj la pou ou ka tande li.

XS
SM
MD
LG