Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chèf Misyon L'ONU an Bay Pozisyon n Sou Dosye Sekirite a - 2004-11-23


Vyolans k'ap sakaje kapital Ayiti a, Pòtoprens, kontinye bay gwo kè-sote e divès sektè ap mande ki enpak, ki konsekans sa pral genyen sou pwojè eleksyon ane pwochèn yo. Moun ki di yo se patizan ansyen prezidan Jn-Bertrand Aristide lanse yon Operasyon Baghdad ki deja fè plis pase 100 mò nan vil la. Non sèlman gen sivil ak polisye ki viktim, ata twoup etranje ki nan misyon stabilizasyon L'ONU an, MINUSTAH, pran chòk nan katye ki sou kontwòl patizan Lavalas yo.

Yon konfrè nan Radio Métropole, Louis-Marie Achille, te pale ak nou maten an [23 nov.] non sèlman sou reyaksyon kòmandan fòs lapè entènasyonal la, Jeneral brezilyen Heleno Ribeiro Pereira, men tou sou kèk lòt pwen ki nan aktyalite a jodi a.

Klike sou lyen ki anlè paj la pou w'ka tande ti kozman nou te fè ak jounalis la.

XS
SM
MD
LG