Accessibility links

Breaking News

Konsèy Elektoral Ayiti a Nan peyi Meksik Kounye a Pou Yon Seminè Sou Oganizasyon Eleksyon - 2004-11-22


Men kèk nan pwen ki domine aktyalite a nan peyi d Ayiti maten jodi lendi a.

8 manm Konsèy elektoral la (yo poko ranplase Roselor Julien ki demisyone) twouve yo nan peyi Meksik kote y'ap patisipe nan yon seminè sou fason pou yo òganize eleksyon. Sekretè e Pòt-pawòl KEP a, Rosemond Pradel, fè laprès konnen regleman sou eleksyon 2005 yo pral pibliye anvan lontan. Rotchild François, Jr. gen detay nouvèl sa a.

Sektè Komèsyal la nan vil Kapayisyen mande responsab Bank Kredi pou yo fè eklèsisman sou plis pase yon milyon edmi dola yo te bay enstitisyon finansyè a pou l' te achete machandiz aletranje. Gen antreprenè ki akize bank leta a dèske li fè magouy ak lajan an, dapre korespondan nou Yvan Martin Jasmin.

Nan vil Gonayiv, militè demobilize yo lanse yon pinga bay gouvènman an ki mande yo pou pa sikile ak zam, dapre korespondan nou Duc Jonathan Joseph.

Yon responsab òganizasyon dwa moun nan vil Sen-Mak mande gouvènman pwovizwa a pou l' kolabore ak militè demobilize yo pou konbat ensekirite kap ogmante nan peyi a depi 30 Septanm, lè eleman ame ki patizan Jean- Bertrand Aristide te lanse yon operasyon vyolans ak asasina yo rele Operasyon Bagdad. N'ap konn plis ak Galilée Périlus, korespondan nou nan Site Nissage Saget a.

Dènye pwen nou devlope a se nan Jakmèl kote anbasadè Kanada a fè konnen peyi li pare pou ede Ayiti rapousib e trennen devan lajistis tout moun ki te komèt move zak sou rejim Lavalas la. Korespondan nou Jean Martinez di nou anons sa a fèt nan moman gouvènman ayisyen an ap pare pou li lanse yon manda entènasyonal kont ansyen prezidan Aristide kap viv ann egzil nan Afrik di Sid.

Klike sou lyen ki anlè paj sila a pou w' ka tande tout repòtaj yo.

XS
SM
MD
LG