Accessibility links

Breaking News

Dekouvri Sit Web Oanda.com


Moun ki etidye domèn sa a byen kalkike gen yon afè de 160 kalte lajan, 160 monè diferan nan lemond. Nou plis abitye tande sa yo rele deviz fò yo, tankou dola ameriken an, euro [lajan ewopeyen], Mark [lajan Almay], Yen japonè a, peso [lajan plizyè peyi panyòl] pou n'site sa senpman. Kounye a, yon sit web ki rele oanda-pwen-com vle ede piblik la konprann pi byen kouman boukantay lajan fèt, ki jan to a (pousantaj la) ye sou mache a chak jou, ki jan lajan yo fèt, elatriye.

Nan edisyon Syans-ak-Teknoloji pou jodi a, n'ap pale ak youn nan fondatè sit sa a. Klike sou lyen anlè paj la pou w'ka tande repòtaj nou an, epi, si ou vle, tcheke sit oanda.com nan adwat paj la.

XS
SM
MD
LG