Daprè korespondan nou nan Pòtoprens, nèg ak zam ki prezante tèt yo kòm patizan ansyen prezidan Aristide touye omwens 10 mounn ak kout zam nan katye Bèlè. La polis p’at fè kòmantè tou swit aprè atak yo. Yon lòt kote, prezidan pwovizwa Ayiti a, Boniface Alexandre fè yon diskou kote l di se gouvènman ki pral sòti nan pwochen eleksyon yo k’ap genyen pou l jere dosye lame d’Ayiti a.
Klike sou lyen anlè a pou w tande detay sou nouvèl ki fè aktyalite a ann Ayiti pou dat 18 novanm 2004 la.