Accessibility links

Breaking News

Dosye Ayiti: Gouvènman Latortue a Mande Kominote Entènasyonal la Onore Angajman Li Te Pran Vizavi Peyi a - 2004-11-16


Gouvènman pwovizwa ayisyen an oganize jodi madi a yon rankont ak reprezantan bayè de fon entènasyonal yo pou yon suivi sou desizyon kominote entènasyonal la te pran, sa pa gen lontan, pou l mete plis pase yon milya dola aladispozisyon Ayiti. Korespondan nou Rotchild François Jr. di nou, dirijan ayisyen yo panse kominote entènasyonal la pa aji ase vit pou l onore angajman li yo.

Yon lòte, yon lidè politik ayisyen fè konnen pi bon mwayen pou yo konbat fenomèn ensekirite a an Ayiti se konkou lapolis, MINUSTAH ak popilasyon an, san bliye militè demobilize yo. Pwofesè Hubert de Ronceray fè kòmantè li yo pandan li tap vizite vil Okay. Nap tande detay yo nan yon repòtaj Jn-Ernst Eliscar.

Nan vil Sen-Mak, militè demobilize yo kontinye ap opere malgre prezans fòs Nasyonzini yo. Korespondan nou Galile Perilus di nou youn pami objektif ansyen sòlda yo ap pouswiv se demantle rezo gang kap simen latèrè nan mitan popilasyon an.

Anfen, nan vil Okap Ayisyen, responsab yon nouvo pati politik fè konnen travay ki pa genyen nan peyi a se youn nan faktè ki lakòz klima vyolans la, dapre yon korespondans Yvan Martin Jasmin.

Klike sou lyen ki anlè a pou w' ka tande detay pwen sa yo. Pou prezantasyon paj nouvèl la: Marie-Luce Pierre ak Chérubin Dorcil. Responsab edisyon jodi a: Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG