Accessibility links

Breaking News

Prezidan George Bush Ranpòte yon Dezyèm Manda  - 2004-11-03


Prezidan Bush deklare “viktwa nan lokal ki pote non dènye prezidan repibliken ki te ranpòte 2 manda nan Mezon Blanch lan:Ronald Reagan. Msye Bush di:“Pèp Ameriken an pale. E mwen “humble” devan konfyans konsitwayen yo fè’m nan”.

Deklarasyon prezidan elu George W. Bush sa a mete fen nan yon sezon elektoral ki kite yon gou amè nan bouch pèdan yo, yon sezon kote 2 advèsè yo te defann avèk konviksyon pozisyon yo.

Msye Bush te espere yon viktwa rapid, men li te oblije rete tann tout yon nwit pou konnen rezilta vòt la nan Eta Ohio, kote kous la te trè sere ant msye Bush ak kandida John Kerry.

Senatè Kerry te rekonèt defèt li, yon fwa’l te klè ke’l pa tap kapab ratrape avans prezidan an te genyen sou li nan vòt yo e yo deja finn konte yo. Prezidan Bush te pote kole ak msye Kerry pou di ”moman an rive kounye a” pou yo redwi divizyon politik la.

“Kidonk, jodi a, mwen vle pale ak chak moun ki te vote pou rival mwen an. Pou’n fè nasyon sa a pi pwisan, e rann li pi bon, nou pral bezwen apwi ou e nou pral travay pou nou jwenn li”.

Msye Bush ap koumanse 2zyèm manda li a, le 20 Janvye 2005.

Klike sou lyen anlè a pou plis detay e pou reyaksyon kominote entènasyonal la ak kominote ayisyèn yo nan New York, Boston, Kanada ak reyaksyon lidè politik ayisyen Micha Gaillard. W’ap tande tou deklarasyon prezidan pwovizwa Ayiti a, Boniface Alexandre soui posiblite pou l kraze Konsèy elektoral Pwovizwa ki ta pral fè eleksyon yo e li kapab fòme yonnouvo CEP.

XS
SM
MD
LG