Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon:Kèk Gran Vedèt Pote Kole ak Kandida yo pou Konvenk Elektè Endesi yo - 2004-10-29


Prezidan Bush ap mennen kanpay vandredi a ansanm ak ansyen vedèt sinema e Gouvènè eta Kalifòni Arnold Schwarzenegger. Prezidan an te kòmanse jounen l pou kont li nan eta New Hampshire anvan l’al rankontre ak gouvènè a nan eta Ohio.

Bò kote pa l, Senatè John Kerry ap vizite eta Florid, kote li deja pran lapawòl nan vil Orlando, anvan li desann nan West Palm Beach epi nan Miami, kote vedèt mizik Bruce Springsteen pral chofe foul la pou kandida demokrat la. Sondaj yo revele ke Ohio ak Florid se 2 pami eta kote kous la pi sere ane sa a.

Gen lòt moun kap bay kandida yo kout-menm tou nan dènye moman kanpay la. Pa egzanp, ansyen prezidan Bill Clinton pral fè yon vire-won 3 jou nan eta Nevada, Nouvo Meksik, ak Arkannsò. Dimanch, Vis-Prezidan Dick Cheney pral fè yon rasanbleman nan nwit, nan eta Hawaii ki toujou vote pou demokrat men kote kous la sere ane sa a. Gen sous ki di ansyen vis-prezidan Al Gore pral fè kanpay pou Kerry nan Hawaii.

Pa bliye, madi 2 nonvam nan, apati de 6 zè edmi diswa, Lavwa d Lamerik ap ofri nou plizyè bilten nouvèl anplis pwogram nòmal nou yo, epi jounalis nou yo ak ekspè nou envite pral disponib pou reponn kesyon konfrè ayisyen yo nan telefòn.

XS
SM
MD
LG