Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Bandi Ame Kontinye Simen Latèrè nan kèk Katye nan kapital la - 2004-10-28


Pandan jounen jedi a, kèk katye nan kapital ayisienn nan viv kèk moman tansyon, kote kout zam t ap tire e aktivite yo te ralanti. Korespondan nou nan vil Pòtoprens, Rotchild Francois Junior fè nou konnen premye minis ayisien an Gérard Latortue anonse li pral adopte kèk mezi pou kontrole zak vyolans yo nan peyi a.

200 merin espayòl rive nan vil Kap-Ayisyen , 2e vil peyi d’Haiti kote yo vinn pote kole ak fòs mentyen lapè ki deja sou fwontyè nòdès peyi a. Twoup sa yo ki rive mèkredi a pral travay nan tèt kole ak fòs mentyen lapè mawoken ki gen pou rive dimanch kap vini la a.

Genyen 3700 sòlda ak polisye sivil ki sòti tou patou nan le mond k’ap opere aktyèlman nan nasyon Karayib la anba kòmandman brezilyen ki nan tèt misyon ke yo rele MINUSTAH ( Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti).

Avan sa nan ane a, Nasyon Zini te otorize deplwaman yon fòs ak 6700 sòlda e 1600 polisye sivil. Daprè rezolusyon an, deplwaman sa a ta dwe fini misyonn nan finisman mwa novanm nan .

Gen anpil zak vyolans ki rive nan Pòtoprens avèk batay ki konn eklate ant patizan ak advèsè prezidan ann ekzil la Jean-Bertand Aristide. Anviwon 60 moun deja pèdi la vi yo nan zak vyolans sa yo ki te kòmanse depi finisman mwa septann nan .

Mesye Aristide te kite peyi a nan finisman mwa Fevriye a devan presyon lokal e entènasyonal, e konnye a l’ap viv nan peyi Afrik di Sid.

Fwon pou Rekonstruksyon Nasyonal la, ki gen nan tèt li Guy Philippe, trouve yo nan Sid peyi dAyiti kote yap enplante pati a, nan kad patisipasyon yo nan eleksyon ki gen pou dewoule nan peyi a nan ane 2 mil 5 la.

Responsab elektoral yo ann Ayiti mande gouvènman pwovizwa a pou l rezoud pwoblèm ensekurite a vit-e-prese, yon fason pou yo kapab kòmanse enstale ensfrakstri k’ap fasilite preparasyon eleksyon yo.

Klike sou lyen anlè a pou w tande repòtaj sou nouvèl ki fè aktyalite ann Ayiti pou jounen jedi 28 oktòb 2004 la.

XS
SM
MD
LG