Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: Yon Polisye Ayisyen Mouri Anba Bal Sou Bèlè - 2004-10-25


Responsab yo ann Ayiti fè konnen yon polisye mouri anba bal apre sòlda mentyen la pè Nasyonzini yo ak la polis ayisyen te ale sou Bèlè pou retire debri moun ki idantifye tèt yo kòm supòtè Jean-Bertrand Aristide te mete nan la ri a, nan kad vyolans kap sakaje peyi a depi 30 Septanb nan. Plizyè douzèn sòlda Nasyonzini te debake nan zòn nan Dimanch ak ekipman pwa lou pou retire kakas machin ak lòt debri.

Responsab ayisyen yo di sipòtè Jean-Bertrand Aristide yo, k ap viv ann ekzil ann Afrik du Sud, te drese barikad nan katye Bèlè ak nan alantou yo, pou anpeche la polis ak sòlda nasyonzini yo antre nan zòn nan.

Yon responsab Nasyonzini ann Ayiti anonse plis gadyen-d lapè òganizasyon entènasyonal la genyen pou l rive nan peyi dAyiti disi fen ane a. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin di nou anons sa a fèt nan moman yon vag vyolans ap sakaje kapital la depi 30 Septanb pase a. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin ap ba nou detay depi Kapayisyen.

Otorite yo nan vil Okay ap mennen ankèt sou koz yon dife ki pran nan yon mache piblik nan zòn nan. Korespondan nou Jean Ernst Eliscar gen plis detay. Jean-Ernst Eliscar ap di nou plis.

Klike sou lyen anlè a pou w tande detay nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG