Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen yo Di Rapò ki Klase Ayiti Pami Peyi ki Gen Plis Koripsyon yo Plis Konsène Ansyen Gouvènman Aristide la - 2004-10-21


Otorite ayisyen yo bay reyaksyon yo sou yon rapò ki klase Ayiti pami peyi kote k gen plis koripsyon sou latè. Daprè otorite nan gouvènman Alexandre-Latortue a, rapò sa a se yon dokiman ki konsène ansyen gouvènman Aristide la. Sepandan, gouvènman an di l’ap efò pou chanje imaj Ayiti. Korespondan nou Rotchild Francois Junior gen deklarasyon minis finans ayisyen an detay depi Pòtoprens.

Popilasyon vil Sen Mak la move kou kong aprè sòlda arjanten ki fè pati fòs Miltinasyonal Nasyonzini an, te finn kraze yon rankont militè demobilize yo tap fè nan zòn nan. Korespondan nou Galilee Perilus di nou popilasyon an mande militè etranje yo kite rejyon an.

Klas politik ayisyèn nan gen reyaksyon diferan aprè yon editoryal ki parèt nan Jounal ameriken Miami Herald fè konprann militè ameriken ta dwe fè pati misyon lapè Nasyon Zini an ann Ayiti. Jean Pierre Leroy ba nou detay depi Pòtoprens.

Sektè dafè a o Kapayisyen ap kolekte lajan pou ede rekonstwi yon pati nan lopital vil la dife te detwi, sa pa gen lontan. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin gen plis detay.

Klike sou lyen anlè a pou w tande plis detay sou nouvèl ki fè aktyalite a ann Ayiti pou jounen jedi 21 oktòb 2004 la.

XS
SM
MD
LG