Accessibility links

Breaking News

Zak Vyolans Ann Ayiti Lakoz Fon Monetè Entènasyonal (FMI) Ranvwaye yon Rankont Sou Asistans Pou Peyi a - 2004-10-20


Nan peyi dAyiti, pwoblèm vyolans gwoup ame yo nan kapital peyi a, Pòtorens, lakoz ofisyièl Fon Monetè Entènasyonal yo (FMI) oblije ranvoye pou on lòt dat reyinyon yo ta pral òganize nan vil sa a, pou diskité sou kesyon asistans finansyè yo pral bay péyi a ki anba gro difikilte ekonomik e sosyal e kote anpil rejyon sibi domaj kèk tanpèt tropikal nan semèn ki pasé yo.

Direktè Relasion Exteriè nan Fon Monetè Entènasional la, Tom Dawson, deklare mèkredi semèn sa a òganizasuon an te prè pou l kòmanse diskisyon yo semèn kap vini an aprè yo te finn evalue kondisyon yo nan peyi dAyiti aprè ranvèsman ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide la.

Men, pòt-pawòl Fon Monetè Entènasional la deklare yo pap kapab òganize reunion sa a, akoz dènyie evenman yo nan peyi dAyiti, sitou nan kapital peyi a. Li ajoute ofisyièl nan òganizasyon an rete an kontak etwa ak otorite ayisyèn yo, e yo prè pou antre nan peyi a depi kondisyon sekurite yo favorab.

Na’p raple group ame ki se patizan ansyen prezidan Aristide touye o mwen 50 moun nan Pòtoprens depi fen mwa septanb nan. Mouvman vyolans sa a eklate nan peyi a aprè tanpèt tropikal Jeanne te koze lanmò plis pase 2 mil ayisien mwa pase a.

XS
SM
MD
LG