Accessibility links

Breaking News

Fi ak Gason Nan Domèn Enfòmatik-1 - 2004-10-15


Chif m’ta renmen nou sonje a: an 1987 te gen anviwon 36-pousan fi ki te nan pwograme òdinatè Ozetazini. an 2001, chif la te tonbe nan anviwon 26 pousan. Yon bès 10 pousan ki pa kite analis yo ak obsèvatè endistri a endiferan. Gen efò kap fèt tou pou mete ekilib, pou egalize teren enfòmatik la ant manm 2 sèks yo, kidonk ant fi ak gason.

Mary Flanigan se yon pwofesè ar grafik nan Univèsite Oregon. Li sonje eksperyans li nan yon pwogram fòmasyon nan art e teknoloji pou jèn ti fi katye pov vil Buffalo, New York. Madam Flanigan di li te aprann adapte metod ansèyman ni dapre fason li te konprann jèn fi sa yo te renmen aprann enfòmatik.

Nan kad rechèf sou sitiyasyon fi yo nan domèn enfòmatik la Ozetazini, nou rankontre tou Debbie Heisler, yon etidyan metriz Inivèsite Maryland, opsyon Syans Enfòmatik. Li te gen anpil kontak ak computer lè li tap grandi, sa ki pa nòmal pou pifò ti medam yo, tankou nou te wè l deja. Li sonje jan papa l te ankouraje l sèvi ak òdinatè fanmi an. Depi l’te tou jèn, li te aprann fè pwogram computer. Men li dakò ak Jane Margolis ki di kèk fi pa santi yo alèz nan zafè teknoloji. Madam Margolis di lè ti medam yo twouve yo nan mitan yon majorite gason nan klas sa yo, konpòtman seksis, prejije, ka dekouraje yo pousuiv karyè nan domèn nan.

Kesyon an, se kisa ki dwe fèt pou ankouraje plis fi e fè yo santi plas yo se nan domèn enfòmatik menm jan ak gason. Nan yon lòt segman, na tande opinyon kèk espesyalis kap travay jisteman pou yo reyalize egalite sa a.

Klike sou lyen anlè atik sa a pou nou ka tande kòmantè envite nan pwogram jodi a.

XS
SM
MD
LG