Prezidan George W. Bush ak Senatè John Kerry antre nan dènye faz kanpay yo pou fòtèy boure Lamezon Banch la, apre yo fin fè twazyèm e dènye deba yo nan televizyon yè swa nan lokal Arizona State University, nan vil Tempe, nan eta Arizona.
George W. Bush ak John Kerry kwaze gan pandan 90 minit sou divès kesyon konsènan ekonomi peyi Etazini, taks, swen sante, edikasyon, imigrasyon, elatriye. Prezidan an te mete anpil aksan sou plan rediksyon enpo li aplike pandan premye manda li a, yon plan ki, dapre li, soulaje fanmi ki ge salè mwayen yo.
Msye Bush di, "moun kap koute la a konnen ki avantaj yo jwenn nan rediksyon enpo sa yo. Si ou gen yon timoun, taks ou bese. Si w’marye, taks ou pi ba. Si ou peye yo enpo kèlkonk, li redui. E advèsè m nan kont tout bagay sa yo.”
Sepandan, kandida demokrat la pat mete dlo nan bouch li pou l' kritike fason msye Bush mennen bak ekonomik nasyon amerikèn nan.
John Kerry deklare, “Se premye prezidan nan 72 an ki dirije yon ekonomi Ozetazini kote nou pèdi travay, antou 1 milyon 600-mil djòb pèdi sou rejim Bush la. 11 lòt prezidan, 6 Demokrat ak 5 Repibliken, te fè lagè, yo te pase anba resesyon, yo te gen gwo difikilte, men pèsonn ladan yo pat pèdi tout djòb sa yo nan ekonomi an.”
Malgre se kesyon nasyonal, tankou ekonomi an, ki te nan sant dènye deba televize sa a, nan Tempe, Arizona, kandida yo te touche pwoblèm terorism ak sekirite tou. Klike sou lyen anlè atik sa a pou w'ka koute tout repòtaj la.