Accessibility links

Breaking News

Finisman Lafwa, Yon Liv Sam Harris - 2004-10-14


Nan pwen dout ke nap viv kounye a nan yon epòk kote teroris ki pouse rasin nan sèten relijyon okipe premye plas nan aktyalite a. Poutèt sa, yon ekriven parèt ak yon liv kote li di nou dwe bliye afè de pa kritike relijyon yo.

Tit anglè a se “The End of Faith.” Sa vle di “Finisman Lafwa.” Fransè a ta di “La fin de La Foi.” Pami pwen otè a devlope ladan n’ gen youn kote l’di wi, nou dwe respekte fidèl tout relijyon, men kwayans relijyon sa yo pa dwe entouchab. Paske dezakò sou koze relijyon simen divizyon nan anpil kominote e menm pwovoke konfli vyolan, gen anpil moun ki di kareman nou pa dwe fè okenn diskisyon sou relijyon. Konsa na evite pwoblèm.

Sepandan, pou Sam Harris, ki ekri liv n’ap pale a, fè konnen avèk pwopagasyon nouvo teknoloji yo, nan yon epòk kote zam nikleyè ka antre andedan yon ti valiz, règ silans sa a pa aplike ankò.

Klike sou lyen anlè atik sa a pou wà ka konnen plis sou liv Sam Harris la.

XS
SM
MD
LG