La polis nan Pòtoprens arete pè Gérard Jean-Juste, ki se yon gwo patizan prezidan ayisyen ann ekzil la Jean-Bertrand Aristide. Arestasyon sa a fèt mèkredi aprè-midi. Otorite yo di yo arete pè Jean-Juste nan kad ankèt y'ap mennen sou zak vyolans k’ap fèt nan kapital ayisyèn nan depi fen mwad septanm 2004 la.