Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens: 2 Moun Mouri Lendi nan Zak Vyolans Patizan Ansyen Prezidan Aristide yo Komèt nan Kèk Katye nan Kapital la - 2004-10-12


Nan okazyon fineray 5 polisye ki te mouri anba bal bandi ame nan Pòtoprens, premye minis Gérard Latortue deklare bandi kap fè zak vyolans yo vize destabilize peyi a. Li pwomèt pou la polis arete mounn kap fè dezòd yo.

Nan Gonayiv, abidan Park Vincent, yon lokalite nan zòn nan, lanse apèl pou mande Polis Nasyonal la ak Fòs Misyon Stabilizasyon L’Onu an ba yo pwoteksyon, apre yon afwontman ki te mete yo fas a fas ak abitan lokalite Descahos.

Toujou nan vil Gonayiv, yon solda arjanten blese ak yon sivil mouri nan lese frape ame ant solda Nasyonzini ak nèg ame nan moman prezidan pwovizwa a Alexandre Boniface ak Premye Minis la t’ap vinn asiste yon mès daksyon de gras pou viktim inondasyon ki sot frape vil la.

Dapre korespondan nou Duc Jonhatan Joseph kèk rezidan te bloke antre vil la pou mande gouvènman an respekte pwomès li te fè nan mwa Mas pase a pou l te bay yo 200 lojman e repare wout nasyonal la.

Pèson pa konnen nan ki kan ba l ki touye madanm nan te soti. Yon elikoptè te transpòte nan Pòtoprens prezidan Boniface Alexandre ak Premye Minis Gérard Latortue.

Responsab yo an Ayiti anonse 2 solda Nasyonzini blese ak bal nan 2 ensidan separe. Otorite yo di yon solda arjanten blese nan vil Gonayiv epi yon lòt blese nan Pòtoprens yè Dimanch la.

Korespondan nou Renan Toussaint di nou bandi ame, ki idantifye tèt yo kòm patizan Jean Bertrand Aristide-- kap viv an ekzil an Afrik du Sid, touye plizyè moun epi boule apeprè 20 otomobil.

Yon lòt kote, rimè atak nèg ame ak debakman zam lou nan Depatman Sid peyi a lakoz yon komisè pase lòd fèmen pòt yon komisarya polis ---yon desizyon ki pwovoke pawòl anpil nan rejyon an.

Antretan, Ayisyen yo nan vil Boston ak kèk òganizasyon ap ranmase lajan pou ede viktim inondasyon ki sot frape Nòdès, Nòdwès, Nò ak zòn Latibonit, dapre jounalis ayisyen Wilson Dubuisson ki te pale avèk nou maten an.

Ann Ayiti, la jistis nan Plato Santral la ap kesyone 2 moun yo sispèk ki ta gen pou wè ak yon kagezon kokayin ki ta pral nan Pòtoprens. Korespondan nou Jean Christophe Collegue di nou se militè demobilize yo ki fè dekouvèt la.

Nan Komin Kay Jakmèl, polisye Unite Depatmantal pou Mentyen de Lòd yo (UDMO) mennen yon operasyon kote yo mate yon mouvman kidnaping ki tap fè kont sitwayen Jean Emmanuel Marcelin.

Klike sou lyen anlè a pou w tande detay sou kèk nan gran pwen sa yo.

XS
SM
MD
LG