Accessibility links

Breaking News

Lapolis Arete Plizyè Douzèn Moun Sou Bèlè Nan Pòtoprens - 2004-10-06


Se petèt nan kad yon chanjman strateji premye-minis Latortue anonse, ke lapolis -ki mete ansanm ak MINUSTAH (Misyon l’ONU pou Stabilize Ayiti) lanse mèkredi yon operasyon sou Bèlè, nan Pòtoprens, kote sivil amé ap simen latèrè depi kèk jou.

Yon lòt kote, daprè yon nòt ki sòti nan anbasad Etazini an nan Pòtoprens, Lèzetazini aprouve yon don 820 mil dola ke yo pral itilize nan yon program netwayaj vil Gonayiv. Oganizasyon ki rele “CARE la” pral jere pwogram sa a ki pral ede kreye djòb pou abitan zòn nan. Etazini reponn yon demand Pwogram Alimantè Mondyal la PAM, lè l bay Ayiti yon kantite pwodwi alimantè ki vo 3 milyon 200 mil dola. Nan kad program d urjans ak rekonstriksyon Ayiti a, pou kounye a Etazini deja bay Ayiti anviwon 10 milyon dola. Ekspè ameriken nan domèn sante ak dezas kontinye ap evalye sitiyasyon an sou tèren an e yo genyen pou yo fè rekòmandasyon ki nesesè pou pwochen asistans yo pou Ayiti.

Toujou ann Ayiti, yon òganizasyon popilè anonse li pral depoze plent kont yon ansyen depite Pati Fanmi Lavalas la ke otorite yo arete nan weekend pase a.

Klike sou lyen anlè a pou w tande repòtaj sou nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG