Accessibility links

Breaking News

Chèf Depatman Deta Ameriken an Colin Powell Akize Patizan Ansyen Prezidan Aristide yo Kòm Responsab Zak Vyolans ki Genyen Ann Ayiti yo - 2004-10-05


Sekretè deta ameriken an, Colin Powell, lonje dwèt sou sa li rele “ansyen eleman pwòch Aristide ak kèk eleman kriminèl” kòm lotè zak vyolans yo ann Ayiti.

Otorite nan peyi dAyiti fè konnen gang chimè ki anfavè prezidan-dechu Jean-Bertrand Aristide ap koupe tèt polisye, apre yo fin touye yo, apre 5 jou twoub ak vyolans nan kapital ayisyèn nan, Pòtoprens. Ajans nouvèl Associated Press site deklarasyon Premye Minis Gérard Latortue ki di asasina polisye yo fè pati yon ofansiv gwoup chimè yo rele “Operasyon Baghdad.”

Sepandan, kèk manm pati Aristide la, Fanmi Lavalas, demanti akizasyon an, dapre yon gwoup ki rele Haiti Information Project. Depi anivèsè kou deta 30 septanm 91 la, jedi, vyolans blayi ann Ayiti. Jounal Miami Herald di omwen 14 moun mouri, pami yo gen 4 ajan lapolis.

Pandan msye Powell te nan avyon pou li ale nan vil Sao Paolo, li di ansyen eleman pwòch Aristide ak kèk eleman kriminèl ap pwofite sitiyasyon peyi a pou yo komèt move zak. Li ajoute li te diskite sou dosye Ayiti a lendi swa ak Sekretè-jeneral L’ONU an, Kofi Annan, ki ba l garanti ke MINUSTAH kapab ede otorite ayisyèn yo kontwole sitiyasyon an. Sepandan, laprès lokal, jiska madi maten, pat note anpil entèvansyon gadyen d lapè L’ONU yo, sof pou pwoteje kèk lokal enpòtan.

XS
SM
MD
LG