Accessibility links

Breaking News

2 Kandida pou Lamezon blanch yo Fè Premye Deba yo Jedi 30 Septanm nan - 2004-10-02


Alòske rete mwens pase 5 semèn pou eleksyon prezidansyèl dewoule isit o Zetazuni, kandida republiken an, prezidan George Bush, ak kandida demokrat la, Senatè John Kerry, fè premye deba televize yo jedi swa, nan Miami, nan eta Florid. Tèm nan: politik etranjè Lèzetazini.

Menmsi 2 kandida yo te touche kesyon entènasyonal tankou Kore du Nò, pwogram niklyè Iran an, ak sitiyasyon an nan rejyon Darfur la, nan peyi Soudan.... se lagè Irak la, sitiyasyon ki devlope aprè lagè sa a, ak lit kont teworism entènasyonal la, ki te domine deba a. Prezidan Bush makonnen Lagè Irak la ak lit anti-teworism nan.

Men, senatè Kerry akize prezidan an dèske li pat respekte angajman li te pran lè l te di “lagè a, se yon solisyon dènye rekou”. Se ak tout fòs misye Bush defannn posizyon n sou dosye sa a, e li te elaji repons li pou l anbrase tou lagè kont teworism nan; li fè konnen, se paske li pa nan ezite, ni l pa nan chanje pozisyon n, ki fè lap finn pa ranpòte laviktwa.

Klike sou lyen anlè a pou w tande yon analiz deba a epi ki enpak li kapab genyen sou kous pou La Mezon Blanch la.

XS
SM
MD
LG