Accessibility links

Breaking News

Patizan Ansyen Prezidan Aristide yo Koupe Tèt 2 Polisye nan Pòtoprens - 2004-10-02


Nan vil Pòtoprens, mouvman tansyon ak vyolans la kontinue ogmante jounen vandredi premye oktòb la, yon jou apre 3 manb fòs Polis nasyonal la te pèdi la vi yo nan afwontman ak patizan Lavalas yo k ap reklame retou ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a. Vandredi, bandi ak zam t ap boule kawotchou, bloke wout nan Martissant e yo te piye magazen. Y ap mande retoune Msye Aristide. Korespondan nou Rotchild F. junior pale ak pòt pawòl Polis nasyonal la.

Pou plis detay sou nouvèl sa a ak lòt pwen ki fè aktyalite a ann Ayiti pou jounen premye oktòb la, klike sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG