Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Bilan Inondasyon yo Depase Mil Mò ak Mil Lòt Moun Ki Pèdi - 2004-09-23


Otorite yo deklare tanpèt tropikal Jeanne, ki frape Nò, Nòdès, Nòdwès ak Latibonit peyi dAyiti touye mil-100 moun pou pipiti e mil lòt pèdi, yo poko konn' sa k'rive yo. Otorite yo di kantite moun ki mouri yo kapab ogmante. Gen plis pase mil-600 moun ki pa gen kay. Pifò viktim yo fèt nan vil Gonayiv.

Sekouris yo antere viktim yo nan "fosses communes", kidonk yon seri gwo twou yo fouye pou fè sèvi tonm pou mas kadav yo, pou anpeche yon epidemi. Kolarobatè nou Lyonel Desmarattes te pale ak Périclès Jn-Baptiste ki responsab relasyon piblik nan Lakwa Woujann Ayiti. Klike sou lyen ki anlè atik sa a si ou vle tande "interview" sa a.

XS
SM
MD
LG