Accessibility links

Breaking News

Libète Relijyon: Depatman Deta Fèk Pibliye Rapò 2004 la - 2004-09-21


Chak ane, Depatman Deta parèt ak yon rapò sou libète relijyon nan lemond. Se pa premye fwa Arabi Sawoudit resevwa kritik. Dayè non l’ te site nan 5 dènye ane yo. Sepandan, nan edisyon 2004 la, yo mete wayòm nan sou yon lis tèt chaje, sa Depatman Deta rele “Lis Peyi Ki Bay Gwo Kè-Sote” paske fidèl tout relijyon pa gen libète pou yo adore e pataje fwa yo laba a. Se yon lis nwa kote nou jwenn peyi tankou Kore di Nò, Birmani, Lachin, Kiba, Iran ak Soudan.

Sepandan, lefèt ke yo mete yon peyi sou lis sa a, sa pa vle di li pral tonbe anba sanksyon. Men sa otorize Sekretè-Deta a pou li antre an kontak ak otorite peyi sa a (sitoutfwa li gen relasyon ak Ameriken) pou yo wè, yon fason klè, ki etap yo ka franchi pou amelyore dosye li. Se sa menm Colin Powell di li gen entansyon fè.

Anbasadè Pou Libète Relijyon nan Depatman Deta a, John Hanford, deklare otorite ameriken yo satisfè pou dyalòg k'ap kontinye fèt ak dirijan sawoudyen yo e, dapre diplomat la, Ryadh fè efò sensè pou li atake pwoblèm Lèzetazini soulve yo.

Poutan li siyale ke dosye global Arabi Sawoudit nan domèn libète relijyez la plase l’ nan yon move kategori. Sa ki plis bay Washington pwoblèm se move tretman li di Chi’it ak fidèl lòt branch nan relijyon islamik la ap sibi daprèzavwa yo pa nan vèsyon islam sinit ke leta apiye a, sa yo rele Wahabism. Chi’it yo, ki reprezante anviwon 10-pousan popilasyon peyi a, fè fas, dapre msye Hanford, ak diskriminasyon politik e ekonomik. Kanta pou moun ki pa mizilman ditou yo (pwotestan, katolik, elatriye), yo nan plis traka, plis restriksyon toujou.

Klike sou lyen anlè atik sa a si ou vle tande tout repòtaj la ak deklarasyon Msye Powell ak Hanford.

XS
SM
MD
LG