Accessibility links

Breaking News

Siklòn Ivan Ap Fè Ravaj Nan Lwès Kiba Anvan Li Pran Direksyon Etazini - 2004-09-13


Gouvènman peyi Kiba fè plis pase yon milyon moun kite kay yo nan rejyon lwès peyi a, nan moman siklòn Ivan ap vanse sou zile a ak van ki depase 240 kilomèt alè e ki kouvri yon distans anviwon 150 kilomèt parapò ak sant ourangan an, dapre Sèvis Meteo isit Ozetazini.

Ivan deja pase nan plizyè zile nan Karayib la kote li simen dèy ak dega materyèl. Kote ki pi viktim yo se peyi Grenad ki anrejistre plis pase 30 mò ak Jamayik ki rapòte 19 ka lanmò. Ann Ayiti, omwen 2 moun mouri nan zòn Sen-Lwi, pa twò lwen ak vil Okay, nan Depatman Sid la.

Premye-Minis Jamayik la, Percival J. Patterson, deklare otorite yo, ak konkou entènasyonal, ap deplwaye tout efò posib pou pote sekou bay fanmi ki sinistre yo.

Klike sou lyen anlè atik sa a pou w'ka tande deklarasyon Premye-Minis la.

XS
SM
MD
LG