Accessibility links

Breaking News

Kaptenn Meteo Avèti Abitan Kèk Rejyon Nan Ayiti Pou Yo Pran Prekosyon Pou Siklòn Ivan - 2004-09-07


Siklòn Ivan ap kontinye lage van ak lapli sou zile nan kèk Karayib la e lap pran yon direksyon ki ta kapab mennen l' dwat dirèk sou Ayiti, pi presizeman sou lakot sid la, soti Jakmèl nan Sidès pou rive Jeremi nan Sidwès (Grand Ans). Renan Jn-Louis, ki se yon espesyalis nan kesyon tan an di nou fòk tout abitan nan zòn sa yo pran prekosyon depi kounye a, paske pita ka twò ta. Yon korespondans Renan F. Toussaint depi Pòtoprens ke nou kapab koute si nou klike sou lyen ki anlè atik sa a.

XS
SM
MD
LG