Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Tropikal Frances Pran Direksion Nòdwès Eta Florid  - 2004-09-06


Move tan sa a ki kounye a trouve l nan Golf Mexik la genyen pou l al frape on lot fwa anko kèk zonn nan eta Florid la pi ta jodi a. Sant Nasional Siklon nan fè konnen move tan sa a kapab reprann fòs on siklonn.

Nouvèl yo fè konnen anpil zòn sibi inondasyon, anpil pye bwa tonbe, é wo dega fèt nan kay yo koté siklonn Frances deja pase yo. Omwen 3 milion moun pa gen elektrisite. Siklonn Frances touye 2 lòt moun pandan l te travèse Bahamas vandredi pase.

Pandanstan, on dezyèm move tan, siklon Ivan ap avanse nan zòn lwès, sòti nan zòn sidès Barbad. Gouvènman Barbad ak Trinidad pibliye kominike men responsab sèvis meteorolojik yo deklare li tro bonè pou yo di si Ivan pral touché Etazini.

XS
SM
MD
LG