Kèk manm Kongrè ameriken an pat kache deplezi yo, mekontantman yo, lè yon gwoup evèk nan Legliz Katolik te deklare, piblikman, tout politisyen ki apiye avòtman volontè pa ta dwe resevwa Lakominyon.
Dapre sèten sektè, Evèk Michael Sheridan te ale twò lwen lè li te di manm pawas li yo gen yon obligasyon moral pou yo pa vote anfavè kandida ki dakò ak dilatasyon (kidonk avòtman volontè), ni sila yo k'ap defann rechèch ak selil anbriyon tibebe, ou ankò politisyen ki pou maryaj omoseksyèl. Antouka, se opinyon Rob Boston ak kòlèg li yo nan yon òganizasyon ki rele Ameriken Ini Pou Separasyon Legliz ak Leta, ki gen baz li isit Washington.
Msye Boston di, “nan yon klima konsa, kote li toutafè klè nan kous prezidansyèl la ke Prezidan Bush adopte yon pozisyon e John Kerry adopte yon lòt, nou panse lèt evèk la te ekri nan prentan 2004 la, an reyalite, se yon pawòl an daki ki avèti Katolik yo si yo pa vote pou Pati Repibliken an, yo pap ka resevwa lakominyon.
Sepandan nan lèt pastoral Monsenyè Michael Sheridan nan, li te presize pou fidèl yo ke li pa vize, li pa sible, pyès kandida “en particulier.” Li fè konnen se tèm kanpay la ki enterese l', pa politisyen. Louis Giovino se direktè kominikasyon nan Lig Katolik pou Dwa Sivik e Relijye, ki gen katye-jeneral li nan New York. Li fè konnen gwoup Ameriken Ini an fè espre li pa okipe aspè sa a nan lèt evèk la, e msye Giovino kwè li konn’ pouki.
Li di, “gen lontan depi yo ap manifeste santiman anti-Katolik, e nenpòt ki lè yon bagay konsa rive, yo touprèt a vole nan kòlèt legliz Katolik la e plenyen pou avantaj fiskal klèje a benefisye nan men leta.
Dènye fwa gwoup Ameriken Ini Pou Separasyon Legliz ak Leta a te mande IRS (sètadi biwo kontribisyon Etazini an) pou li revoke franchiz li bay legliz la se te paske yon pastè Pwotestan te pibliye yon tèks sou jounal kote li te mande fidèl li yo pa vote pou Bill Clinton. Se te an 1992 e legliz sa a te pèdi avantaj leta bay klèje a nan zafè taks. Men sikontans ki antoure lèt Evèk Michael Sheridan nan pa osi klè. Louis Giovino di separasyon ant Legliz ak leta a pa ta dwe yon wout "à sens unique."
“Yap mande gouvènman an pou li kraponnen legliz la. Yap mande leta pou li entimide legliz la e di “nou pral elimine avantaj fiskal ou”, sa ki, anfèt, vle di Baboukèt! Pe bouch nou! Pa pale! Se yon taktik pou yo efreye evèk yo pou anpeche yo eksprime yo.”
Poutan Rob Boston, ki nan Ameriken Ini pou Separasyon Legliz ak Leta a, ensiste pou l’di li pa ta janm vle mete baboukèt nan bouch legliz. Sèl sa li swete se pou dirijan eklezyastik yo Ozetazini deside si sa vo lapèn pou yo mele nan politik.
Dyosèz Colorado Springs, ki konsène nan ka sa a, pat vle fè kòmantè nan mikwo nou. Sèvis Enpo gouvènman federal la nonplis pat di yon mo.
Klike sou lyen ki anlè atik sa a pou w'ka koute Paj Relijyon an, Edisyon 2 septanm 2004.