Dapre korespondan nou Luma (Lucienne Maria de Assis) pèp brezilyen an te suiv match-pou-lapè-a ak anpil enterè e anpil senpati. Se te 90 minit emosyon ak refleksyon kote viktwa seleksyon Brezil la te reprezante senpman yon ti detay. Sa ki te enpòtan se te objektif final la: defann lapè. Korespondan an di brezilyen li rankontre yo kwè sa ki fèt yè a se sèlman yon semans, yon ti plan, yon prèv ke spò kapab ini kretyen vivan.