Accessibility links

Breaking News

Prezidan George W. Bush Vizite Rejyon Sinistre Siklòn Charley Kite nan Eta Florid. - 2004-08-15


M'sye Bush fè yon kout pye nan plizyè rejyon Florid pou l' konstate dega ouragan Charley ki touye omwens 13 moun e kite plizyè milye lòt san kay pou yo rete. Charley se siklòn pi pisan ki frape Eta florid depi 12 zan. Prezidan Bush dekrete rejyon sidès Eta a zòn dezàs--sa kap pèmèt li jwenn asistans gouvènman federal la. Ekip urjans yo kontinye ap fouye nan mitan debri kay kraze ak pye bwa derasinen pou wè si pa genyen kadav oubyen moun ki vivan toujou ki kwense anba yo. Dapre estimasyon otorite yo, dega Charley fè sou pwopriyete abitan distri sinistre yo ka monte plizyè milya dola.

Yon lòt kote, Sant Nasyonal Ouragan Etazini an anonse tanpèt twopikal "EARL" ap vanse nan direksyon pati oryantal rejyon Karayib la. Responsab yo lanse yon "avi cyclone" pou zile Barbad ak lòt zile nan rejyon an. Anfen, gen ouragan "Danielle" ki pran nesans nan mitan oseyan atlantik la, men pou le moman li pa menase tè.

XS
SM
MD
LG