Accessibility links

Breaking News

Prezidan Grèk la Inogire Ofisyèlman 28 tyèm Je Zolempik d’Ete yo - 2004-08-13


Prezidan Grèk la Costis Stephanopoulos louvri je zolenpik yo nan yon seremoni djak-sou-djak, ki dewoule nan vil Athenes. Plizyè dizèn milye spektatè asiste defile atlèt 202 delegasyon ki tap pran pa nan defile responsab yo te mete sou pye pou inogirasyon konpetisyon yo.

Piblik la te bat anpil bravo pou delegasyon Irak ak delegasyon Timor Oryantal la, ki se pi nouvo nasyon kap patisipe nan fèt spòtif ak Fair Play la. Inogirasyon Je zolenpik Athènes yo tanmen tou nan moman 2 prensipal marathonyen Lagrès yo ap fè fas ak alegasyon dopaj.

Atlèt grèk yo sanble echwe nan yon tès pou pwodui dopan responsab konsène yo te fè; yon seyans depozisyon sou absans yo fikse pou lend.

XS
SM
MD
LG