Minis jistis peyi dAyiti a pran desizyon pou’l bay divès kouch nan fòs polis la ogmantasyon salè. Desizyon sa a parèt aprè polisye ayisyen yo te anonse yon grèv pou dat 16 out kap vinn an, si yo pa jwenn yon ogmantasyon salè san-pou-san. Korespondan nou Jean Pierre Leroy gen plis detay depi Pòtoprens.