Accessibility links

Breaking News

Yon Responsab Sekirite nan Anbasad Chili a nan Costa Rica  Touye Konsil Chilyen  an Ansanm ak 2 lòt Manm Pèsonèl Diplomatik la. - 2004-07-28


Trajedi sa a rive nan anbasad chilyen an nan kapital kostariken an, San Jose. Responsab kostariken yo fè konnen yo dekouvri 4 kadav nan nuit madi pou louvri mèkredi 28 jiyè a nan misyon diplomatik chilyen an, kote yo te ressi antre apre yon fas a fas apeprè 7 tè'd tan avèk eleman ame a.

Dapre endikasyon menm otorite yo bay, tou lè 3 moun ki mouri yo se anplwaye anbasad la--pami yo, konsil chilyen an. 7 lòt otaj yo di sa k' fè yo pa mouri, se paske yo te gen tan fèmen tèt yo nan yon chanm syèj diplomatik la. Nonm ki komèt zak sa a se yon polisye kostariken 54 tran yo idantifye kòm Orlando Jimenez. M'sye te responsab sekirite anbasad chilyen an depi 5 kan. Otorite kostariken yo di sanble se tranfere yo ta pral transfere Jimenez nan yon lòt pòs ki lakòz li poze zak kriminèl sa a.

XS
SM
MD
LG