Accessibility links

Breaking News

Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la Kontinye Domine Aktyalite a Ozetazini - 2004-07-28


Senatè Edward Kennedy te mete foul la kanpe sou 2 pye l nan moman li tap bay ton sware a ak yon diskou ki pat manke kritike politik administrasyon republiken an.

Msye Kennedy deklare: “Plis pase 900 nan sòlda n yo, gason kou fi, deja peye pri ki pi elve a (sètadi yo bay vi yo). Prèske 6 mil blese nan gè mal dirije sa a. Administrasyon an pèdi konfyans alye nou te gen depi lontan. Olye peyi a pi an sekirite, se lekontrè ki fèt.”

Deklarasyon Edward Kennedy, ki nan sena a depi 40 an, ki se moun Boston, e ki se patriyach yon fanmi ki sinonim ak politik amerikèn. Pami oratè sware a, te genyen yon ansyen advèsè John Kerry nan eleksyon primè yo, ansyen Gouvènè eta Vermont Howard Dean.

Men yon pati nan deklarasyon Msye Dean nan:“M’ap vote pou John Kerry ak John Edwards paske m’bouke wè Ameriken kap travay di twouve yap goumen ak vye djòb ki rapòte yo mwens kòb pase sa yo tap touche an l’an 2000.”

Howard Dean ajoute lap vote pou Kerry ak Edwwards paske li ta renmen wè Etazini repran plas li kòm lidè moral nan lemond.

XS
SM
MD
LG