Accessibility links

Breaking News

Peyi CARICOM Yo ap Reyini Mèkredi 28 Jiyè a Pou Diskite Retablisman Relasyon Diplomatik yo ak Ayiti. - 2004-07-28


Plizyè lidè nasyon karayibeyen yo ap rankontre mèkredi 28 jiyè a nan zile La Grenade pou diskite si Caricom dwe (ou non) retabli relasyon diplomatik li avèk Ayiti. Chèf gouvènman ak reprezantan 15 manm Kominote Ekonomik Karib la pral evalye rapò minis afè etranjè CARICOM yo prepare sou dènye vizit yo te fè ann Ayiti nan koumansman mwa jiyè a.

Nouvèl la di se posib ke apre chita-koze sa a delege yo pral fè rekòmandasyon yo bay responsab ki pap(ou pat) kapab patisipe nan rankont Grenade la.

CARICOM pa rekonèt nouvo gouvènman ayisyen an, ki te rive sou pouvwa a apre yon rebelyon ansyen sòlda te ranvèse prezidan Jean-Bertrand Aristide nan mwa fevriye 2004 la.

XS
SM
MD
LG