Accessibility links

Breaking News

Konvansyon Pati Demokrat Etazini an Tanmen nan Boston - 2004-07-27


Konvansyon nasyonal pati demokrat Etazini an louvri lendi swa nan vil Boston eta Massachusetts avèk yon diskou ansyen vis-prezidan Al Gore. Pandan konvansyon sa a, kap fini jedi, pati a ap genyen pou l deziye ofisyèlman moun ki pral reprezante l kòm kandida a la prezidans e kòm kandida pou pòs vis-prezidan an nan eleksyon ki pral fèt nan mwad novanm kap vini an ozetazini. Obsèvatè yo atann aske pati a chwazi senatè John Kerry kòm kandida a la prezidans e senatè John Edwards kòm kandida pou vis-prezidan.

XS
SM
MD
LG