Accessibility links

Breaking News

Nèg Ame nan Irak Asasinen Yon Gwo Responsab Nan Nouvo Gouvènman Pwovizwa a. - 2004-07-26


Otorite irakyen yo anonse yon responsab nan ministè enteryè a tonbe anba bal asasen lendi 26 jiye a nan vil Bagdad. Mussab Al-Awadi, minis ki te anchaje kesyon tribal nan gouvènman irakyen an, mouri ansanm ak 2 ajan sekirite apre enkoni te louvri kout zam sou li pandan li tap kite kay li nan kapital irakyen an. Anvan aksyon sa a, responsab militè ameriken yo nan Mosul ( yon vil nan nò Irak) te anonse eksplozyon yon machinn pyeje devan baz ameriken an touye yon dam ak yon ti moun plis yon gad-sekirite irakyen. 3 sòlda ameriken pou pi piti ak 2 "sekirite" irakyen blese nan eksplozyon an. Yon lòt kote, rebèl yo nan rejyon sid Irak louvri kout zam sou yon machinn ki tap transpòte yon ekip medam ki ta pral pran travay yo nan Pò Bassorah a ki anba kòmandman twoup britanik yo. 2 fanm mouri e 2 lòt blese nan atak la.

XS
SM
MD
LG